Mak la

Mwen te fè yon vye rèv. Sak te pase a pa etone mwen. Mwen mande ki jan mwen te kapab gen kouraj poum fè jan de rèv sa yo. Mwen menm ki se yon sitwayen lapè ak onèt, pitit Sèb renmen anpil. Men m jan ak tout bon pitit gason nou yo, nan peyi cheri nou an. Si mwen te yon eksepsyon nan nenpot bagay, sa tap diferan. Mwen fè tankou tout lòt yo, mwen pran prekosyon, pa gen moun ki ka rive nan nivo m.Yon jou, nan lari a, mwen wè yon bouton kap klere sou yon planch, li te tonbe soti nan inifòm nan yon sèjan.

– Men’ m tap tranble. Mwen te leve men m ’poum salye sèjan; mwen bese tèt mwen ak respè epi sou bouch mwen gaye yon souri ke nou bay lè nap salye moun nivo pi wo pase nou. “San an ki koule nan venn mwen an se san moun nòb!” Se sa mwen tap panse nan moman an. yon vòlè pase li pile bouton an.

– Yon vòlè! – Mwen di, epi mwen krache. Mwen mache dousman, e mwen te konsole tèt mwen ak panse sa yo ke mwen soti nan gran fanmi, Bondye te beni m li te banm yon bon kè; li te banm san zansèt mwen yo.

Bon, ou ka wè mwen se yon bon nèg. Mwen pa diferan de lòt yo ki te fèt nan fanmi respekte. Sa ap fè w mande kijan mwen fè yon rèv konsa.

Jou sa a, pa gen anyen ekstraòdinè ki te rive m. Mwen te manje, bwè diven, epi mwen te chita ap netwaye dan mwen. Apre sa, mwen te gen kouraj ak konsyans tout devwa mwen kòm yon sitwayen, mwen te ale nan kabann mwen ak yon liv poum te ka fè yon ti lekti,liv la se jis poum te ka dòmi vit. Apre yon ti tan liv la te tonbe nan men m ’e dòmi te ale avè m; tankou yon ti mouton ak konsyans mwen klè mwen te dòmi.

Mwen te twouve m nan yon wout kwense, labou tap koule nan mòn yo. Yon lannwit frèt, yon lannwit fè nwa. Yon gwo van t’ap gwonde nan branch pye bwa yo. Tou nwa, ak silans. Yon nèj tankou pousyè antre nan je m’, frape figi m’. Ou pa wè yon vivan. Map prese sou chimen labou a. Mwen glise adwat, agoch; mwen bite, mwen tonbe; mwen te pèdi. Tout lannwit lan, epi Bondye konnen, Mwen moute desann tankou yon avèg. Mwen mache pou anpil ane, e mwen te tonbe yon kote. Yon kote lwen de peyi natif natal mwen yan. Mwen te nan yon peyi etranj, kote ke okenn moun pat konnen’l ekziste; se sèlman nan rèv ou te ka wè peyi sa.

Nan monte desann, mwen vi n tonbe man yon gwo vil; kote ke anpil moun abite. Yon foul moun te nan yon gwo mache; anpil bri, bri ki te tèlman fò, li te ka deranje zòrèy ou. Mwen desann nan yon lotèl devan mache a epi mwen mande pwopriyetè nan travay la pouki rezon genyen tout moun sa yo.

– Nou se moun lapè ak moun onèt, – li te kòmanse di. – Nou obeyi nou a majistra.

– Èske majistra se otoritè sipwèm nan? – mwen dekoupe pawòl li.

– Bò isit la, majistra kòmande, epi li se otorite sipwèm lan; apre majistra nou genyen polis yo.

Mwen te tonbe ri.

– Poukisa ou ri? Ou pa t ’konnen? E ki kote ou soti?

Mwen di l mwen te pèdi, e mwen soti byen iwen, yon peyi ki rele Sèb.

Mwen tande pale de peyi selèb sa. li di byen ba; li gade m ak anpil respè epi li pale byen fò.

– Se konsa nou fè l bò isit la. Li kontinye pale – Majistra ak polis yo kòmande isit la.

– Kijan polis yo ye?

– Bon, gen plizyè tip de polis, yo varye depan de ran yo. Gen tout kalite… Nou isit la, nou respekte moun, e nou rete nan wòl nou, men gen anpil move vwazinay ki soti lòt kote ki vini nan mitan nou, yo koronpi nou ak move bagay… Pou yo pa konfonn nou ak lòt yo, yè majistra mande nou tout vini devan tribinal la, yo pral mete so pou make nou sou fwon nou. Se pou sa, tout moun la: pou nou ka konnen sa kap fèt.

Mwen tresayi e mwen te panse fòm fè vit kite peyi sa: menm si m se yon nonm ki soti Sèb, m pa abitye ak jan de moun sa yo.

Nonm nan ri, epi li frape zèpòl mwen li di:

– Anh etranje, ti sa fè w pè. Se poutèt sa ou bezwen vwayaje lwen konsa, pou jwenn kouraj tankou pa nou an!…

– Kisa w vle di pa sa? – mwen reponn li byen ba.

– Gad yon kesyon? Ou pral wè kijan nou brav. Kouraj nou an pa gen parèy. Mwen di w sa deja. Ou mache anpil, ou wè anpil, men ou poko wè moun tankou nou, an nou ale ansanm. An nou fè vit.

Pandan nou te pral kite, nou tande yon bri, yon kout frèt.

Mwen voye je m gade nan yon twou, mwen pat ka kwè: yon nonm byen abiye, byen klere, ak yon chapo twa (3) kòn. Li te monte do yon lòt nèg’ap galope. Lè yo te rive devan lotèl la, yo kanpe, nonm ak abiman klere a li te desann.

Pwopriyetè a soti, epi bese tèt li pou l bay salitasyon’l. Mesye ak abiman klere klere a, antre nan lotèl la; te gen yon tab byen dekore. Nèg ki te abiye an sivil la te rete deyò lap tann. Pwopriyetè a bese tèt li devan nèg an sivil la pou l salye’l.

– Sa sa vle di? – Mwen mande pwopriyetè a.

– Bon, – pwopriyetè a reponn byen ba. – Sa ki antre a li gen gwo grad; lòt la se youn nan pi gwo sitwayen nou yo; li rich anpil, e li se yon patriyòt.

– Men, poukisa li kite nonm sa monte sou do l?

Pwopriyetè a souke tèt li e nou te pran de ti pa devan. Li banm yon ti ri e li te di:

– Isit la nou konsidere sa yon onè!…

Li rakonte m yon pakèt istwa men mwen te tèlman eksite mwen pat konprann sa lap di yo. Men mwen te tande sa l te di an denye a – byen: “Se yon sèvis pou yon nasyon anpil lot peyi poko aprann pou yo apresye sa!”

– Nou te rive kote yap fè reyinyon an; eleksyon an te deja kòmanse.

Premye gwoup la te nomine yon nonm yo rele Kolb, si mwen byen sonje non an; dezyèm gwoup te vle yon nonm yo rele Talb; yon twazyèm gwoup te gen kandida pa yo.

Te gen yon konfizyon; chak gwoup te vle moun pa yo.

– Pou dirije yon foul tankou sa, pa gen pi bon kandida ke Kolb, youn nan moun nan premye gwoup la di. Nou tout konnen byen li se yon sitwayen de kalite e li gen kouraj. Pa gen yon moun pami nou la, ki ka vante tèt nou di nou frekante gwo moun.

– De kisa wap pale la, youn nan moun nan dezyem gwoup la reponn, pa janm gen yon moun ki gen gro grad ki monte sou do w deja.

– Nou konnen bèl kalite ou yo, youn nan moun ki nan twazyèm gwoup la di; Ou pa tap janm ka pran yon kout frèt san w pa rele!

– Frè m ’yo, an nou mete nou an akò! Kolb kòmanse pale. Se vre ke moun ki gen gwo grad monte sou do m’ sa gen dis lane de sa, yo ban mwen baton, m wen pa janm rele; kapab gen moun ki pi merite pòs la, reyalite a ka toujou genyon lòt ki plis merite l. Petèt ka genyen ki pi bon, e pi jèn ke mwen.

– Pa gen lòt, pa gen lòt – sipòtè l yo reponn.

– Nou pa vle tande pale de bagay ansyen sa yo! Yo te itilize Kolb pou dizan! – kèk nan dezyèm gwoup la di.

– Fè wout pou jèn moun, kite ansyen chen souse ansyen zo, – gen kèk nan twazyèm gwoup la tap di.

Sanzatann, dezòd la sispann; tout moun te komanse mete yo sou kote pou kite yon nonm nan trantèn li pase. Pandan lap pwoche, tout moun te tèt bese.

– Kiyès sa? – Mwen mande pwopriyetè a.

– Se chanpyon vil la. Li jèn, men li gen anpil pwomès. Men m si li jèn, li ka vante di, li pote majistra sou do l twa fwa deja. Li pi popilè ke tout lòt moun yo.

– Petèt se li ki pral eli? – Mwen mande.

– Li kapab sa; paske tout lòt kandida yo granmoun; laj fini ak yo; jou yo pase. Majistra te kondi sou do youn yè.

– Kijan ’l rele?

– Kleard.

Yo te ba li plas onè a.

Kolb te pran la pawòl:

– Nou pap jwenn yon kandida ki pi bon ke Kleard. Mwen garanti nou sa, li jèn, men pa gen youn nan ansyen yo ki nan nivo li.

– Wi! Wi!… Viv Kleard!… Tout moun tap di.

Kolb ak Talb te eskòte Klead jis kote prezidan.

Tout moun te bese tet yo an silans.

– Mèsi, frè m ’yo, mèsi paske jodi a nou te banm yon gwo onè. Mwen santi byen e espwa ou nan men mwen kounya. Espwa nou ki nan menm kounya; fèm fyè. Li pap fasil poum navige bato pèp la nan moman sa yo ke nou ye la. Mwen pral fè tout sa mwen kapab pou m byen reprezante nou. Mwen di nou mèsi paske nou te chwazi m.

– Anmwe! Anmwe! Anmwe! Ou te ka tande tout kote.

– Bon kounya frè m yo, Pèmèt mwen di de twa mo. Li pa fasil pou nou andire soufrans sa yo; nou pral gen anpil touman; li pap fasil pou met yon fè cho nan fwon w; se pa doulè nenpòt moun ka pran. Se pou tout lach tranble ak laperèz! tankò pou nou, se pou nou pa bliye pou yon minit ke nou se pitit pitit zansèt vanyan sòlda, nan venn nou koule san nòb ak ewoyik zansèt nou yo, kavalye vanyan gason kote yo te mouri pou libète nou yo ak byen komen nou yo. Soufrans ki ap tann nou an pa gen anyen konpare ak pa yo, e se pa kounye a ke nou ap viv nan byennèt ak opulans ke nou pral bay. Vrè patriyòt la, sa ki pa vle pèp li a kouvri tèt li ak wont nan fè fas a mond lan, li pral pran doulè a tankou yon nonm djanm.

– Avi! Avi! Avi!

Te gen kèk lòt pòt pawòl yo pale menm jan ak Kleard. Yo ankouraje moun yo.

Te gen yon vye granmoun, figi l plise, cheve li ak bab li blan tankou nèj, li mande la pawòl. Janm li, ak men l ap tranble do li bese. Vwa li ap tranble, je l plen dlo.

– Timoun mwen yo, li te kòmanse pale, gwo dlo ap koule nan je l; tonbe sou tout bab li. Mwen mizerab, e mwen pral mouri talè, men mwen ka wè nou pa vle annwiye tèt nou ak bagay konsa. Mwen gen san (100) tan, e mwen te viv tou vi m san bagay so make nan fwon sa!… poukisa pou mwen make ak so esklav a laj mwen?…

– Aba granmoun – prezidan di byen fò.

– Aba! Anpil lòt reponn.

– Granmoun lach!

– Olye li ankouraje jèn yo, lap fè yo pè.

– Li ta dwe wont cheve blan li yo. Li deja viv ase, nou menm la jenès nou gen kouraj.

– Lach!

– Mete’l deyò!

– Jete’l! Jete’l deyò!

Foul moun yo fache, jèn konpatriyòt yo kouri sou granmoun nan , yo pouse l, rale ‘l, ba l kout pye ak raj.

Yo kite l ale akoz de laj li – si pa t laj li; yo tap touye l tou vivan anba wòch.

Yo tout fè sèman, yap rete brav; e yo pral montre ke yo merite glwa ak onè nasyon an.

Foul la te deplase ak lòd. Ou te ka tande yap di:

– Demen na wè kiyès lap ye!

– Demen na wè sa kap pale nan bouch sèlman yo!

– Lè a rive pou nou wè kiyès ki tap pale, ak kiyès ki brav vre.

– Mwen retounen nan lotèl la.

– Èske w wè ak kisa nou fèt? – pwopriyetè a mande m ak yon fyète.

– Mwen wè, mwen reponn li.

Mwen pat gen fòs, tèt mwen tap vire, e mwen santi fòs mwen te kite’m.

Menm jou sa, mwen li nan yon jounal; yon atik ki di:

“Sitwayen, lè a rive! Lè pou nou sispan fè lwanj an ven. Kounye a se moman pou pwouve nou yon fwa pou tout! Pou montre kiyès ki vrèman vo yon bagay e ki pa vo anyen! Epi nou gen konfyans ke pa pral gen moun kapon nan mitan nou ke otorite yo pral dwe trennen pa fòs pou al pran so a nan fwon yo. Nenpòt moun ki santi nan venn li ap koule san sanzèt yo; menm yon gout nan san vanyan sòlda zansèt nou yo, li pral vini vit pou bay tèt li, li pral pran soufrans la ak kalm epi ak fyète, paske doulè sa se sakrifis peyi a mande pou li ak byen peyi a. Pou pi devan, sitwayen peyi a, gwo tès la se demen!…”

– Jou sa a, pwopriyetè lotèl mwen an te al kouche kou reyinyon an te fini; pou li te ka leve byen bonè nan demen pou li te ka youn nan moun ki rive an premye nan tribinal la. Anpil nan lòt sitwayen parèy li yo te ale devan tribinal la depi nan aswè pou yo te ka pran pi bon plas ki posib.

Nan denmen maten byen bonè, mwen te ale nan tribinal la. Tout moun nan vil la te la, jèn kou granmoun, gason ak fanm, e menm timoun manman yo te pote yo nan bra yo. Yo menm tou yo ta pral pran mak so esklavaj la, yon siy ki ta pita ba yo yon dwa priyorite nan pi bon travay nan sèvis nan leta.

Te genyen ki tap pouse, joure (nan yon sans mwen te kontan wè yo te gen ti manyè tankou nou moun Sèb) tout moun tap pouse pou yo ta premye nan pòt la genyen ki te menm gen men yo nan kou lòt.

Abiye ak yon rad imakile, ofisyèl an chaj pou mete so a te repwoche yo:

– Pa plenyen, chak moun ap gen chans yo – nou pa bèt mwen konnen nou ka fè sa san pouse!

Fè a te wouj, yo te kòmanse mete so yo. Youn rele anmwe, yon lòt plenn, pa gen okenn moun ki pat fè bri pandan mwen te la ap asiste a.

Mwen pat kapab gade soufrans sa yo. Mwen te oblije retounen nan lotèl la. Lè m rive te gentan gen kèk moun ki tap bwè ak manje.

– Youn ladan yo di; sa fini.

– Yon lòt repon: Nou pat rele, men Talb li menm tap ranni tankou yon bourik.

– Ou wè kijan Talb ou a ye, epi yè ou te bezwen se li menm ki te prezidan reyinyon an!

– Nou pat ka wè sa; pa gen moun ki tap ka wè sa!

Pandan yo t ap pale, ou la wè anpil tap kache doulè yo; yo te kache l jan yo te kapab: yo chak te wont pou yo ta parèt tankou yon lach.

Kleard kouvri tèt li ak endiyasyon poutèt li te plenn, pandan ke yon sèten Lear te yon ewo: li te mande pou yo mete de (2) mak sou pou li; li pat plen, ni fè okenn son. Tout vil la tap pale sèlman de li, ak anpil respè.

Gen kèk moun ki te kouri, tout moun te meprize yo.

Kèk jou apre, nonm ki te mete de mak sou fwon li a tap mache ak tèt li byen wo, ak diyite anpil fyète, anpil lwanj tap fèt; kèlkeswa kote li te ale, tout moun bese tèt, retire chapo pou salye nonm ki te ewo pou jounen an.

Gason, fanm, timoun, tout tap kouri dèyè l pou yo wè nonm ki pi brav nan nasyon yo an. Tout kote li pase, ou tande moun kap chante non li: “Lear, Lear!… se li! Se ewo ki te kite yo make fwon li de fwa san fè okenn bri ni plenyen!” Jounal yo te ba li glwa ak lwanj; e li te merite tout lanmou pèp la tap ba li a.

– Tout kote mwen te tande lwanj ki tap fèt pou li, e mwen te santi san Sèb la nan venn mwen. Zansèt nou yo se te ewo yo te ye, yo mouri pou libète: Nou gen ansyen ewo nou ak Kosovo nou an. Mwen te santi m fyè, e mwen te anvi montre kijan san mwen brav e kouri nan vil la e di sa byen fò.

– Poukisa nap fè lwanj pou Lear?… Nou poko janm wè bon ewo! Vini wè poukò nou kijan yon Sèb nòb ye! Mete dis (10) so sou mwen, pa sèlman de!

Nonm ki te abiye an blan, vini bò kote m pou l mete so a nan fwon mwen, e mwen te kòmanse… Mwen leve nan rèv mwen an.

Mwen manyen fwon mwen; mèsi Bondye mwen pat gen anyen sou fwon’m. Gade yon vye rèv!

“Mwen te prèske pran tou glwa Lear!” m’tap panse, mwen vire sou kabann nan, mwen kontan, men mwen te gen yon ti regrè ke mwen pat rive nan fen rèv la.

 

Nan Bèlgrad, 1899.
Pou “Radoje Domanović” Pwojè sa te tradui pa Kareen Bijoux Augustin, 2020.

Ознаке: , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , ,

About Домановић

https://domanovic.wordpress.com/about/

Оставите одговор

Попуните детаље испод или притисните на иконицу да бисте се пријавили:

WordPress.com лого

Коментаришете користећи свој WordPress.com налог. Одјави се /  Промени )

Фејсбукова фотографија

Коментаришете користећи свој Facebook налог. Одјави се /  Промени )

Повезивање са %s

%d bloggers like this: