Gid la (1/3)

– Frè m ’yo ak zanmi m yo! Mwen te koute tout diskou nou yo; se konsa mwen mande nou kounya pou nou tande m’. Tout deliberasyon sa yo ak konvèzasyon sa yo pa vo anyen si ke nou rete nan rejyon sa. Nan tè sa ak wòch sa yo. Pa gen anyen ki kapab kiltive, menm nan sezon lapli, mwen pa bezwen di w ka nou nan sezon sechrès. Sa se yon bagay ke nou pa ko janm wè anvan.

Pou konbyen tan nou pral reyini konsa epi pale pou granmesi? Bèf yo ap mouri san manje, e si nou pa pran men nou; nou menm ak pitit nou yo pral mouri grangou tou. Nou bezwen jwenn yon lòt solisyon ki pi bon. Mwen panse ke li ta pi bon pou nou ta kite peyi sa mete nou deyò pou jwenn yon peyi pi bon ak tè ki ka kiltive paske nou annik pa ka viv konsa ankò.

Se konsa, abitan yo te te pale nan kèk reyinyon. Ki kote ak ki lè? Sa pa konsène ni ou ni mwen? Li posib nou kwè sa te rive yon kote lwen nan kèk peyi depi lontan. An nou onèt ak tèt nou; Mwen panse mwen te envante istwa sa a, men ti kras pa ti kras mwen libere tèt mwen soti nan anbarasman sa. Koulye a, mwen kwè ke mwen pral rakonte sa ki reyèlman te pase e te rive. Ke mwen pa t janm kapab kreye istwa sa.

Moun ki tap tande yo, figi yo tris, blanch, gen kèk figi ou pat menm ka di ni wè sa yo tap panse. Yo chak tap imajine sa se kèk maji, yon peyi kote rekonpans travay tè ta dwe yon rekòt ki rich.

– Li gen rezon! Li gen rezon! – Anpil tap di byen ba.

– Èske kote sa a lwen nou? – Kèk tap bougonnen nan yon kwen.

– Frè m ‘yo! – yon lòt te kòmanse pale ak yon vwa yon ti jan pi fò. – Nou dwe swiv konsèy sa yo depi kounya paske nou pa ka kontinye konsa. Nou fè tout sa nou kapab, men tout se pou granmesi. Nou te plante grenn ke nou te ka itilize pou nou manje, men inondasyon te vini epi ale ak grenn yo kote ke se wòch sèlman ki rete. Eske nou ta dwe rete isit la pou tout tan ap travay maten rive lannwit, rete grangou ak swaf dlo, toutouni ak pye atè? Fòk nou mete deyò epi chache pou tè ki ka kiltive kote travay di ap ka ban nou rekòt an gwo.

– Ann ale! Ann ale kounya isit la pa kote pou moun ap viv ankò!

Te gen anpil chichotman, kèk te kòmanse mache ale; yo tap panse ki kote yo te prale.

– Tann frè m yo! Ki kote nou prale? – Youn te di. – Wi, nou dwe ale, men se pa konsa. Nou dwe konnen ki kote nou prale. Sinon, nou ka jwenn nou nan yon sitiyasyon ki vin pi mal olye pou sove tèt nou. Mwen sijere ke nou chwazi yon moun pou mete an chèf, yon moun an chaj ke moun yo ap obeyi e ki ki ka montre nou yon fason ki pi bon e ki chimen pou nou pran.

– Ann chwazi! Ann chwazi yon moun kounya – Tout moun tap mande pou yo chwazi yon moun pou gide yo. Se konsa diskisyon an te leve an dezòd. Tout moun tap pale e pa gen moun ki te swadizan tande lòt. Yo te kòmanse divize an gwoup, chak moun ap bougonnen, epi menm gwoup yo te kòmanse kraze. Yo te kòmanse pale, mande youn lòt pou fè silans. Yo tout te reyini anko e kòmanse pale.

– Frè m ’yo! – Yon vwa ki pi fò ke tout lòt vwa yo te kòmanse pale. – Nou pap ka rive jwenn solisyon konsa.Tout moun ap pale e pèsonn pap tande. An nou chwazi yon moun pou mete an chaj! Kiyès nan nou la ke nou ka chwazi? Kiyès nan nou la ki abitye vwayaje, ki konn wout?

Nou tout konnen youn ak lòt byen, Menm mwen mwen pa tap mete’m ak pitit mwen yo anba lòd yon moun isit la. Di m ’ki moun ki konnen kiyès vwayajè sa ye ki chita nan lonbraj la nan kwen wout la depim maten?

Tout moun te rete san yo pa di anyen. Tout vire gade etranje a; yo gade’l soti nan tèt jis nan pye.

Vwayajè etranje a te yon pèsonaj, ak yon figi sonm ou pat menm ka wè a koz de bab li ak cheve long li yo, li te chita, li rete an silans, li pèdi nan panse li. Detanzantan, li frape yon baton ki te nan men li an atè a.

– Mwen te wè li ’yè, nèg sa a. Li tap mache nan lari a ak yon jèn ti gason li te kenbe men l. Yè aswè jenn ti gason an te kite bouk la, epi granmoun nan te rete.

– Frè m yo, an nou pa fokis sou ti detay ki pa enpòtan, istwa san sans; nou pa gen okenn tan pou nou gaspiye. Pa gen pwoblèm ki moun li ye, sa pou nou wè li se yon vwayajè ki soti byen iwen. Ou ka wè li se yon nonm entèlijan; li chita la dousman, lap swiv. Li pa kouri antre nan sa nap diskite a.

– Li rete dousman, paske li tap panse; li entèlijan anpil.

Yo tout te kòmanse ap swiv etranje a. Daprè yo chak; aparans li te bay yon aparans apa, kèk siy klè ke li gen yon entèlijans sou li.

Yo pat pase anpil tan ankò ap pale, finalman yo deside li tap bon pou mande etranje a ki se yon pèsonaj pou gide yo. Li ta sanble yon moun Bondye voye. Li ta dwe moun ki an chay la pou mennen yo kote ki gen tè ki bay rekòt.

Yo te chwazi dis gason pou ale pote mesaj la al di etranje a desizyon yo; pou enfòme li sou sò mizerab yo epi pou yo sipliye l pou aksepte vini chèf gid ki ap mennen yo.

Dis gason sa yo te ale kote pèsonaj etranje la yo te bese tèt devan li; Youn nan yo te kòmanse pale eksplike kijan latè a pa kiltive nan zòn nan, sechrès ak destriksyon. Li di:

– kondisyon sa yo pouse nou kite isit la pou nou mete deyò al chache yon peyi ki pi bon. Nou gen anvi kite peyi sa. Bondye pran pitye pou nou epi li voye ou sou chimen nou. Ou se yon nonm vanyan, ou kapab gide nou epi delivre nou anba mizè.

Nan non tout moun ki rete yo, nou mande pou ou gide nou; nap swiv ou tout kote ou prale. Ou menm ki konnen chimen yo, Nap koute ou, nou pral soumèt ak lòd ou yo. Èske w konsanti pou sove nou nan dezas nou? Èske w wap pran chaj, pou mennen nou?

Pandan tout diskou sa yo; pèsonaj la pa t janm leve tèt li gade mesye yo. Li te rete jan yo te jwenn li an: tèt bese, pli nan fwon li. Li pa di anyen. Detanzantan li frape baton nan men li an atè dousman. Lè diskou a te fini, san li pa chanje pozisyon li te ye a, apre yon ti tan li reponn byen ba.

– Wi, map fè sa.

– Èske nou ka ale avè w al chache yon kote ki pi bon?

– Wi! – Li repon, san li pa leve tèt li.

Tout moun te kontan, yo tap fete, men pèsonaj etranje a pa te di anyen.

Dis nèg yo al pote nouvèl la ale, e di kijan pèsonaj la se yon bon moun.

– Li pa t ’deplase ni leve tèt li, pou menm gade kiyès ki tap pale avèl. Li rete tou dousman lap panse.

– Yon vrè nonm saj!… Yon entèlijans ki ra!… yo tout di byen fò. Nan tout kote yo tap rele byen fò reklame ke Bondye li menm te voye nèg sa’ tankou yon zanj soti nan syèl la pou pou yo. Tout moun te rete kwè ap gen siksè ak yon nonm konsa pou gide yo. Yo te pran desizyon pou mete deyò nan demen, kou solèy leve.

(Lòt paj)

Ознаке: , , , , , , , , , , , , , , , , , , , ,

About Домановић

https://domanovic.wordpress.com/about/

Оставите одговор

Попуните детаље испод или притисните на иконицу да бисте се пријавили:

WordPress.com лого

Коментаришете користећи свој WordPress.com налог. Одјави се /  Промени )

Фејсбукова фотографија

Коментаришете користећи свој Facebook налог. Одјави се /  Промени )

Повезивање са %s

%d bloggers like this: