Yon bèf Sèb ki tap panse
Anpil bèl bagay fèt nan tout mond lan. Men, nan peyi nou an, kòm tout moun konnen, mèvèy yo pa parèt mèvèy ankò. Nou gen nan mitan nou, sa ki nan pozisyon trè wo, ki pa panse; pou rekonpanse, oubyen pou lòt rezon, yon bèf ki senp, ki pa diferan de lòt bèf Sèb yo, te kòmanse panse. Bondye sèlman ki konnen sa ki te rive pou yon bèt te gen odas angaje nan yon antrepriz konsa! Espesyalman, paske an Sèb bagay konsa ka koz anpil pwoblèm. Ann di li nayiv, li pa konnen nan peyi l pozisyon sa pap ranpòtel anyen; Nou pap di li gen gen kouraj. Sa ap toujou rete yon mistè, poukisa yon bèf ki pa ka vote, ki pa yon majistra, ni pa poze pou kandida, li pa menm yon senatè: Men m si li tap panse vin yon minis nan yon peyi bèf, Lè sa a, li ta dwe konnen li dwe pratike pou l pa panse anpil, pran yon egzanp nan men gouvènman nan lòt nasyon ki pi kontan pase nou yo, menm si peyi nou an pa gen chans sa.
Èske li enpòtan pou nou ke yon bèf, Sèb, te pran angajman yon atizay abandone pa lèzòm? Petèt li panse se yon dispozisyon natirèl’.
Men, ki kalite bèf li ye? Yon bèf ki pi òdinè – tankou zoologis anseye nou – yon tèt, yon kò ak janm, egzakteman tankou lòt yo; li rale yon kabwa, li manje zèb, li niche sèl. Li rele Sivonya; yon bèf gri.
– Men kijan li kòmanse panse. Yon jou mèt li te jouke l ak yon lòt bèf’ Galonya, anpile sou kabwa yon pakèt bagay li te vòlè epi li ale nan vil la pou vann yo. Kou li rive li te vann machandiz yo. Li te jouke Sivonya ak Galonya; li te mare kòd la; li kite yo li ale nan al bwè. Te gen yon festival ki tap fèt nan vil la. Gason, fanm, timoun tap mache tout kote. Galonya, ke tout zanmi l yo te pran’l pou sòt, pa t’ bay anyen atansyon li; Li manje manje li, vant li plen epi li kouche. Foul moun ki tap pase yo pat pwoblèm li. Li tap dòmi trankilman; (malerezman li pa yon imen, ak tout karaktè sa yo, li te ka viv de yo) Sivonya li menm pat menm ka pran yon bouche manje. Li tap reve, figil te gen yon tristès Moun, Sèb, te pase bò kote l’, fyète a parèt nan yo de jan yo mache. Sivonya te obzève tout sa, epi lespril te vin tris, pou enjistis. Li pat ka kenbe ankò, li tonbe kriye, ak doulè nan kè l li te kòmanse panse.
– De kisa mèt mwen ak konpatriyot Sèb yo fyè? Poukisa yo leve tèt yo tèlman wo epi yo gade kalite mwen yo ak anpil mepri? Yo fyè de peyi yo, yo fyè ke yo te fèt isit la nan Sèbi. Men, mwen menm tou mwen te fèt ‘nan Sèbi. Non sèlman se peyi mwen ak papa m, men zansèt mwen yo ak mèt mèt mwen te rete la ansanm apre yo te fin kite zansèt peyi slav la, pa gen okenn nan nou bèf ki janm vante tèt nou; Nou toujou fyè de sa ki rale charj pi lou. Jouk jounen jodi a, okenn nan nou pa janm di yon bèf Alman: “Kiyès ou panse ou ye, mwen se yon bèf Sèb, se la tout zansèt mwen yo te mouri.” se isit la, sou tè sa a, yo jwenn tonm zansèt mwen yo. Nou pa janm vante tèt nou sou sa, Mande Bondye padon, sa pa janm monte nan lespri nou. Moun yo komik!
Pandan lap panse de bagay sa yo, Sivonya souke tèt li, klòch la nan kou li a te tonbe sonnen, Galonya te ouvri je’ l gade zanmi l la epi li te fè mouuu:
– Ou retounen ak tenten w yo ankò! Mange, enbesil, fè yon ti gra, nou ka wè tout zo w; si panse se te yon bon bagay, moun yo pa tap janm kite sa pou nou, pou nou bèf. Nou pa tap gen chans sa!
Sivonya te voye je l gade, li te retounen nan sal tap fè a e rantre nan panse li.
– Yo fyè de pase yo. Yo gen Kosovo, yo te gen batay Kosovo. Kiyès sa regade, paske se ‘zansèt mwen yo ki tap rale kantin lan ak materyèl pou lame yo nan lagè a? San nou, yo ta oblije pran travay sa a pou kont yo. Menm lè yo te revolte kont Tirk yo. Yon gwo bagay, men ki moun ki te nan mitan yo? Moun sòt san sans sa yo, ki pa kapab fè anyen. Jis pran egzanp mèt mwen an. Li twò fyè tèt li sou sak pase an, lap vante byen fò ke granpapa l ’peri kòm yon ewo nan lagè ak nan liberasyon. Èske se li ki jwenn kredi a? Granpapa li te gen dwa fyè, men pa li menm; granpapa li te mouri pou mèt mwen ak desandan li te ka lib. Epi gade sa lap fè ak libète li a? Li vòlè, monte sou kabwa li e se mwen ki pou rale tout chay la, pandan li ap dòmi nan kabwa a. Kounye a ke li te vann bèl machandiz li yo, li al bwè gwòg, li pap fè anyen. Konbyen nan zansèt mwen yo te touye pandan batay sa pou konbatan yo te gen yon bagay pou yo manje? Eske se pat zansèt mwen yo ki te trennen bagay lagè a, kanon yo, kantin yo, ak tout lot bagay? E poutan, nou pa ta janm gen lide dekore tèt nou ak baz byenfonde ki pou yo, paske nou pa chanje, nou toujou fè devwa nou jodi a, menm jan zansèt nou yo te toujou fè pa yo, konsyans, pasyans…
– Yo flate tèt yo ak soufrans zansèt yo, avèk senk san lane esklavaj. Kanmarad mwen yo ak mwen te gen difikilte, e jodia nou toujou travay, nou toujou esklav. Yo di Tirk yo tòtire, masakre, anpale yo. Zansèt mwen yo tou, yo te touye yo, pa Sèb yo kòm byen ke pa Tirk yo yon lòt kote… griye sou krache a… ak sa ki poko te fè yo…
– Yo fyè de relijyon yo, men yo pa kwè nan anyen. Èske se fòt mwen, ak tout zanmi mwen yo, si yo pa asepte nou nan kominote kretyèn nan? Lafwa yo te kòmande yo “Ou pa dwe vòlè” e kisa mèt mwen an fè? Li vòlè, li ale bwè ak lajan li te retire nan sak ki pa pou li a. Lafwa yo kòmande yo “Renmen frè parèy ou” epi ki sa yo ap fè youn ak lòt? Se zak apre zak. Pou yo, yon bon nèg se sa ki pa fè mal. Men pa gen moun ki mande yon lòt pou li fè byen.
Relijyon yo enstwi yo pou yo renmen vwazen yo, poutan yo fè mal youn ak lòt. Pou yo, pi bon moun, se yon moun ki pa fè okenn mal. Yo pa konsidere mande pou moun fè byen apa de pa yo pa dwe fè mal. Se konsa moral yo ba; yo asosye byen a nenpòt sak pa fè mal.
Bèf la fè yon soupi, menm pousyè leve.
Li rekòmanse ak pawòl tris li yo:
– Èske nou pa pi bon pase yo? Mwen pa touye pèsonn, mwen pa vòlè anyen, mwen pa pale mal sou pèsonn, mwen pa vòlè anyen moun, mwen pa koupab de fo fayit, mwen pa janm arete oswa mete nan chenn moun inosan, mwen pa di bagay ki pa sa de kanmarad mwen, ni trayi prensip vyann bèf mwen an, ni pote fo temwen, mwen pa janm fè anyen mal de peyi m, mwen menm fè byen pou moun ki fè mwen mal. Manman m ’te fè m; move moun te pran m retire m nan lèt manmanm. Zèb, Bondye te kreye pou nou, bèf yo, pa pou lèzòm, men menm sa, yo wete l ’nan men nou. Epi nou menm, malgre tout sa yo mete nou ladan, nou kontinye ap rale kabwa pou yo, nou kontinye raboure jaden yo e se gras a nou ke yo gen pen. Sepandan, pèsonn pa rekonèt sèvis nou bay peyi a…
– Ann pran egzanp fè jèn, relijyon mande pou yo respekte jou jèn yo; sepandan, menm ti abstinans sa a, yo pa ka fè, tandiske mwen menm ak tout kalite mwen yo, nou fè karèm tout lavi nou, depi nan moman yo rache nou nan vant manman nou.
Bèf bese tèt li tankou li te enkyete, apre sa a, li leve tèt li. Li fache, e li te sanble ta gen yon bagay enpòtan kap monte nan tèt, ki ap toumante l’;
– Wi, mwen konnen sa l ye – e li te kontinye panse, – se sa li ye; yo fyè de libète yo ak dwa sivil yo. Mwen reflechi sou li oserye.
Apre sa, li tap panse, panse, men li pa t ’kapab konprann.
– Ki dwa yo genyen? Si lapolis bay lòd pou yo vote, vote; nou menm tou nou te kapab fè menm bagay la. Men, si yo pa jwenn lòd, yo pa gen dwa vote oswa patisipe nan politik, menm jan ak nou. Yo kenbe yo bat yo menm si yo inosan, san yo pa te fè anyen ki mal. Omwen nou brav; nou pale. Yo menm yo pa gen kouraj sa yo.
Se konsa, mèt la soti nan lotèl la li tèlman Bwè, li, je l ’twoub, lap begeye mo ke w pa ka konprann. Li mache an zigzag nan direksyon kabwa.
– Sa a se ki jan yon desandan ki fyè ak libète ke zansèt li konkeri pa san yo ki te koule. Oke, oke, mèt mwen se yon tafyatè ak yon vòlè, men lòt moun yo, ki sa yo te itilize nan libète yo? Jist chita fè djòlè sou zansèt yo te fè. Nou menm bèf nou te rete bon travayè, dilijan, itil, otan ke zansèt nou yo te. Nou se bèf, sa se yon reyalite, men nou fyè de travay di nou yo.
Li bay yon kout soupi, lonje kou l poul resevwa jouk bèf la.
Nan Bèlgrad, 1901.
Pou “Radoje Domanović” Pwojè sa te tradui pa Kareen Bijoux Augustin, 2020.