Kreyòl ayisyen

Radoje Domanović (16 Fevriye, 1873 – 17 Out, 1908) se te yon ekriven Sèb, jounalis ak pwofesè, ki pi popilè pou istwa satirik li yo.

Radoje Domanović te fèt nan vilaj la nan Ovsište nan Central Sèbi, pitit gason yon pwofesè lokal yo ak antreprenè Miloš Domanović, ak Persida Cukić, desandan Pavle Cukić, youn nan kòmandan militè yo nan Premye ak Dezyèm soulèvman Sèb la. Li te pase anfans li nan vilaj Gornje Jarušice tou pre Kragujevac, kote li te ale nan lekòl primè. Li gradye lekòl segondè nan Kragujevac, ak Fakilte Filozofi nan Inivèsite Bèlgrad, kote li te etidye Sèb ak istwa.

An 1895, Domanović te resevwa premye randevou l, yon pòs ansèyman nan Pirot, nan sid Sèbi, rejyon ki te libere soti nan Anpi Ottoman an. An Pirot, li te rankontre Jaša Prodanović (1867–1948), pwofesè ak aktivis ki te ede fòme opinyon politik li yo. Se la tou li te rankontre fiti madanm li, Natalija Raketić (1875–1939), yon pwofesè lekòl  ki soti nan Sremski Karlovci, yon moun ki sipòte l anpil, yo te gen twa pitit ansanm.

Depi li rantre nan Pati Radikal Pèp la, li te vin nan konfli ak rejim dinasti Obrenović a, epi li te transfere nan Vranje fen 1895, An 1896 li te transfere ankò nan Leskovac. Li te pibliye premye istwa kont gouvènman an 1895. Apre premye aparisyon piblik li kont gouvènman an an 1898, li menm ak madanm li yo te ranvwaye de sèvis sivil. Domanović ak fanmi li te demenaje ale Belgrad.

Nan Bèlgrad li te kòmanse travay ak ekriven “Zvezda” (Zetwal) jounal chak semèn ak jounal politik opozisyon an “Odjek” (Eko). Nan moman sa a li te kòmanse ekri ak pibliye premye istwa satirik li yo, tankou “Demon” ak “Abolisyon nan pasyon”. Sak te fè Radoje vini popilè se piblikasyon istwa ki pi popilè l ’yo rele, “Lidè” (1901) ak “Stradija” (1902), nan yo li ouvètman atake ak montre ipokrizi a ak erè nan rejim lan.

Aprè koudeta ki te fini ak rèy Aleksandar Obrenović an 1903,   Domanović te resevwa yon pòs sekretè nan Ministè Edikasyon, e nouvo gouvènman an te pèmèt li ale an Almay pou yon ane, li te pase tan sa yo an Minik. Lè li retounen Sèbi, Radoje te desu, wont ak mank de chanjman ki te genyen nan sosyete a. Li te kòmanse pwòp jounal politik li chak semèn, “Stradija”, te konn kritike feblès ki te genyen nan demokrasi a. Men lèl ekri yo’ pa te gen menm fòs ak enspirasyon li te konn itilize anvan yo.

Radoje Domanović te mouri a minwi edmi le 17 Out, 1908. Li te gen 35 kan, li te gen nemoni ak tibèkiloz. Li te antere nan Nouvo Simityè Belgrad la. Anpil travay li yo te pèdi pandan premie gè mond la.

Travay literè

Kèk nan travay Radoje Domanović ki pi popilè yo:

  • Abolisyon nan pasyon, 1898
  • Demon, 1898
  • Gid la, 1901
  • Yan lanmè mouri, 1902
  • Mak la, 1899
  • Prens Marko nan mitan Sèb yo pou yon dezyèm fwa, 1901
  • Soulèvman modèn, 1902
  • Stradija, 1902
  • Yon bèf Sèb ki tap panse, 1902

Pwojè “Radoje Domanović” konsève pa Vladimir Živanović, enjenyè an kalite ak yon antouzyast literati. Objektif la se  konvèti travay konplè ekriven Sèb Radoje Domanović, epi pèmèt lektè ki soti nan tout monn nan ka li travay orijinal yo ak tradiksyon yo. Istwa sa yo te tradwi espesyalman pou Pwojè sa, epi yo pibliye isit la pou premye fwa:

  • Gid la (1–2–3), 1901
  • Mak la, 1898
  • Yon bèf Sèb ki tap panse, 1902

Pou “Radoje Domanović” Pwojè sa te tradui pa Kareen Bijoux Augustin (Erudite ABC).

 

 


[Contents of this biographical reference page were written for the “Radoje Domanović” Project with the goal of promoting the life and works of the famous Serbian satirist, Radoje Domanović, and are released into public domain. Editor]

%d bloggers like this: