Gid la (3/3)
Se konsa, premye jou a pase. Anpil lòt jou te pase pat gen siksè. Pa gen anyen espesyal ki te fèt, sèlman kèk ti difikilte: Moun tonbe; aksidan nan twou ak ravin, pikan, kèk janm oswa bra kase, lòt moun kase kou yo; nou andire tout doulè sa yo. Kèk vye granmoun te rete nan wout pou yo mouri. “Yo tap mouri de tout fason, menm si yo te lakay yo.” Pòt Pawòl nou an te di ankouraje moun yo pou yo kontinye. Te gen de twa timoun ki te mouri, paske se te volonte Bondye. Lè se timoun, gen mwens doulè. “Se sa ki rive nan laj marye, ki bay anpil doulè. Se pou Bondye kenbe paran yo pou yo pa pèdi pitit jiskaske yo gen ase laj pou yo marye. Lè konsa sò a mwens!” Gen kèk ki te mare tèt yo ak mouchwa, yo fè konprès; Gen lòt moun ki te gen bra yo mare; pi fò nan yo sal, ak dechire. Chire, chire, rad yo te an miyèt moso. Men, yo te kontinye ak kè kontan. Yo te ka andire eprèv la pi fasil si yo pa t soufri grangou anpil. Men, yo te oblije kontinye ale pi devan.
Yon jou gen yon bagay ki enpòtan ki te rive.
Gid la tap gide yo nan wout la, vanyan sòlda yo te antoure li. (Te gen de nan solda yo ki te disparèt, pa t gen moun ki ’konnen ki kote yo te ye). Gen kèk moun ki panse yo pat vle kontinye; yo kouri met deyò. Pòt pawòl la di se te yon krim. Gen kèk kanmenm ki te konsidere ke yo te peri sou wout la, men yo te rete bouch pe yo pa t vle opinyon yo fè lòt moun yo fache.) Rès foul la te dèyè a. Menm lè a, yon gwo gwo twou ravin nan yon wòch. Twou a te tèlman fon pa gen okenn moun ki te gen odas vanse l. Vanyan sòlda yo ki te kanpe, yo te vire gade gid la. Li te gen tèt li bese, sousi l fonse, li pa pale; li te mache ak fòs pou al devan, li frape baton an sou bò gòch, bò dwat, ak devan, menm jan li abitye fè. Anpil te di sanble li ap fè maji. Li pa gade pèsonn, li pa di yon mo; figi l pa chanje’, pa gen siy laperèz nan li. Li te vanse pi pre gwo twou san fon an. Menm sòlda pi vanyan yo te rete dousman; pèsonn pa oze avèti Gid la ki chaje ak entèlijans, sajès ak kouraj la. Li te fè de pa li te rive nan kwen pre twou a. Tout moun te pè; je yo ouvri men lajè, e yap tranble. Nèg ki pi brav yo te anvi kenbe chèf la, menm lè yo konnen yo pa dwe fè sa.Li pran yon pa, de pa li te tonbe nan twou ravin lan.
Anpil konfizyon, bri, pè ak rele anmwe. Anpil te gentan tonbe kouri.
– Tann, frè m yo! Poukisa nou prese konsa? Se konsa nou kenbe pawòl nou? Nou dwe kontinye swiv nonm saj sa la, paske li konnen sa l ap fè; li pa sòt ase pou li ale pèdi tèt li. An ale dèyè l’! Petèt isit la se dènye danje ki pi grav nou ap jwenn. Ki moun ki konnen si pa gen pi lwen pase ravin sa a, yon peyi bèl bagay ak anpil pitit pitit ke Bondye te gen sere pou nou. Pèsevere! Pa gen anyen ki reyalize san travay di!
Se konsa, pòt pawòl la te fè yon pa epi li disparèt nan ravin nan. Vanyan gason yo te kouri dèyè l, ak tout lòt moun yo.
Te gen kriye, rele, moun kap tranble rele anmwe nan gwo twou ravin nan. Yon moun te ka fè sèman: pèsonn pa t ’kapab soti vivan; oswa san blese ni soti tout antye. Gid na chay la te gen yon chans: li te pandye sou yon ti pyebwa li pat blese; Tou dousman li te soti nan twou a.
Pandan te gen anpil rele, kriye, anmwe anba nan twou a; pèsonaj la chita san li pa di anyen. Gen kèk moun ki te fashe, yo te blese, yo te an kòlè yo te lage madichon sou gid la: li pa di anyen, li te rete jan li abitye ye, dousman, an silans, tèt bese.
Moun ki te jwenn kenbe ti pye bwa, yo te soti nan twou ravin nan, gen moun se te akoz de ti branch bwa, genyen ki te jwen pyebwa, yo te kòmanse soti. Genyen ki te kase janm, lòt kase bra’, genyen ki te kase kou’ ,e gen ki te gen san nan figi’. Yo tout te soti enfim, pat gen moun ki pat gen yon pwoblèm; sèlman Gid la ki pat blese. Tout moun te fashe, yo t’ap plenn,bougonnen; yo t’ap gade l ‘an kachèt, yo t’ap gade l byen move. li pa t menm leve tèt li. Li te rete an silans lap panse, tankou yon nonm saj!
– Yon ti tan te pase. Foul moun yo tap vin pi piti. Chak jou te gen kèk ki te bay vag e konsa gen anpil ki te retounen lakay yo.
Nan tout foul moun ki tap mache yo, sèlman ven (20) ki te rete. Dezespwa ak dout te sou figi yo tout; grangou fini ak yo, yo pa di anyen. Tout moun te rete an silans, tankou Gid la. Menm pòt pawòl la te ap souke tèt li. Wout la te difisil.
Chak jou ti gwoup la vin pi piti; te rete apeprè dis (10) moun. Figi yo te plise, dezespere; yo plenn, yo baye men yo pa pale.
Yo pat gen figi moun ankò; yo parèt tankou moun ki fini: genyen ki te sou beki, bra yo nan fistibal mouchwa mare nan kou yo, pansman, ak konprès. Si yo ta vle fè plis sakrifis, li pa tap posib: tout kò yo te kouvri ak maleng ak boul.
Menm moun ki gen plis kouraj ak pi detèmine yo te pèdi lafwa ak espwa; menm si sa yo te toujou ap pouse pou pi devan. Enfim, jemi, ak anpil efò chak moun; Yo trennen youn ak lòt. Ki lòt bagay yo te ka fè? Yo pa ka rive jis la pou yo kite sa.
Jou te pase. Genyen ki tap trennen sou beki tèt bese; lè yo leve tèt yo gade; Gid la pa t’ devan yo ankò. Yon lòt etap, epi yo tout te lage tèt yo nan ravin lan.
– Woush, wouch, janm mwen!… wouch, wouch, men mwen!… wouch, wouch!
Se te tankou yon koral kap plenn, pa gen anyen ou te ka tande ke plenn, kriye ak rèl. Yon vwa tou fent te bay Gid la madichon, tout moun te rete an silans.
– Byen bonè, Gid la te chita, menm jan ak jou yo te chwazil pou gide foul la’. Pa gen okenn chanjman nan li.
Pòt pawòl la soti nan ravin lan; de mesye swiv li. Defigire, kouvri ak san, yo gade tout kote pou konte konbyen nan moun yo ki te rete: yo wè se yo sèl ki te la. Perèz ak dezespwa anvayi kè yo. Yo gade tout kote se te jaden, flè, wòch ak montay – pa gen anyen, e pa gen okenn tras okenn chimen. De jou anvan yo te koupe fè yon wout. Gid la ki te mennen yo la.
Yo panse de kanmarad yo, zanmi ak fanmi yo ki te tonbe nan vwayaj la, te gen yon detrès pi mal ke doulè ke yo genyen akoz de pati nan kò yo kap fè yo mal yo ki te monte yo. Yo gade pwòp pwòblèm pa yo.
Pòt pawòl la pwoche bò gid la epi li pale nan ak yon vwa ki tap tranble ak fatig, doulè, dekourajman ak yon move gou:
– Ki kote nou prale?
Gid la te rete an silans.
– Ki kote ou ap mennen nou ak ki kote ou mennen nou? Nou menm ak fanmi nou te fè ou konfyans, nou te swiv ou, kite kay nou yo ak tonm zansèt nou yo, pou nou sove anba dezas sou tè dezole pa nou an, epi ou te mennen nou nan yon dezas ki pi mal. Nou te trennen desan (200) fanmi dèyè nou; kounye a gade konbyen nou ye.
– Saw di m la; Nou tout pa la? – chèf la te di nan dan, san leve tèt li.
– Ki dwa ou poze kesyon sa? Leve tèt ou, gade, konte konbyen nan nou ki toujou nan vwayaj mizerab sa a! Epi gade nan ki eta nou ye. Li tap pi bon si nou te mouri ke nou la nan eta sa.
– Mwen pa ka gade!…
– Poukisa?
– Mwen avèg!
Tout twa (3) mesye yo te rete an silans
– Èske ou te pèdi je ou sou wout la?
– Mwen te fèt avèg.
Twa mesye yo bese tèt yo ak dezespwa.
Yon van otòn gwonde, deklannche, nan mòn lan, chire ak vannen fèy yo; bwouya anvlòpe mòn yo. Solèy la te kache dèyè nwaj yo; nwaj yo tap woule nan syèl la ak kouri ale pi lwen.
Twa mesye yo gade youn lòt ak anpil detrès.
– Ki kote nou prale kounye a? – youn nan yo mande ak yon vwa ki sanble ki soti byen lwen ke kavo yo.
– Nou pa konnen!
Nan Bèlgrad, 1901.
Pou “Radoje Domanović” Pwojè sa te tradui pa Kareen Bijoux Augustin, 2020.
Ознаке: blesi, bon konprann, danje, dezas, dezòd, dezespwa, diskisyon, etranje, falèz, istwa, kloti, lidé, migrasyon, moun ki gen bon konprann, moun lòt nasyon, peyi, pikan, pou pi devan, povwete, ravin, reyinyon, sechrès, soufrans, tonbe, viktim, vwayaj, vwayajè, wout