Tag Archive | migrasyon

Gid la (3/3)

(Paj anvan)

Se konsa, premye jou a pase. Anpil lòt jou te pase pat gen siksè. Pa gen anyen espesyal ki te fèt, sèlman kèk ti difikilte: Moun tonbe; aksidan nan twou ak ravin, pikan, kèk janm oswa bra kase, lòt moun kase kou yo; nou andire tout doulè sa yo. Kèk vye granmoun te rete nan wout pou yo mouri. “Yo tap mouri de tout fason, menm si yo te lakay yo.” Pòt Pawòl nou an te di ankouraje moun yo pou yo kontinye. Te gen de twa timoun ki te mouri, paske se te volonte Bondye. Lè se timoun, gen mwens doulè. “Se sa ki rive nan laj marye, ki bay anpil doulè. Se pou Bondye kenbe paran yo pou yo pa pèdi pitit jiskaske yo gen ase laj pou yo marye. Lè konsa sò a mwens!” Gen kèk ki te mare tèt yo ak mouchwa, yo fè konprès; Gen lòt moun ki te gen bra yo mare; pi fò nan yo sal, ak dechire. Chire, chire, rad yo te an miyèt moso. Men, yo te kontinye ak kè kontan. Yo te ka andire eprèv la pi fasil si yo pa t soufri grangou anpil. Men, yo te oblije kontinye ale pi devan.

Yon jou gen yon bagay ki enpòtan ki te rive.

Gid la tap gide yo nan wout la, vanyan sòlda yo te antoure li. (Te gen de nan solda yo ki te disparèt, pa t gen moun ki ’konnen ki kote yo te ye). Gen kèk moun ki panse yo pat vle kontinye; yo kouri met deyò. Pòt pawòl la di se te yon krim. Gen kèk kanmenm ki te konsidere ke yo te peri sou wout la, men yo te rete bouch pe yo pa t vle opinyon yo fè lòt moun yo fache.) Rès foul la te dèyè a. Menm lè a, yon gwo gwo twou ravin nan yon wòch. Twou a te tèlman fon pa gen okenn moun ki te gen odas vanse l. Vanyan sòlda yo ki te kanpe, yo te vire gade gid la. Li te gen tèt li bese, sousi l fonse, li pa pale; li te mache ak fòs pou al devan, li frape baton an sou bò gòch, bò dwat, ak devan, menm jan li abitye fè. Anpil te di sanble li ap fè maji. Li pa gade pèsonn, li pa di yon mo; figi l pa chanje’, pa gen siy laperèz nan li. Li te vanse pi pre gwo twou san fon an. Menm sòlda pi vanyan yo te rete dousman; pèsonn pa oze avèti Gid la ki chaje ak entèlijans, sajès ak kouraj la. Li te fè de pa li te rive nan kwen pre twou a. Tout moun te pè; je yo ouvri men lajè, e yap tranble. Nèg ki pi brav yo te anvi kenbe chèf la, menm lè yo konnen yo pa dwe fè sa.Li pran yon pa, de pa li te tonbe nan twou ravin lan.

Anpil konfizyon, bri, pè ak rele anmwe. Anpil te gentan tonbe kouri.

– Tann, frè m yo! Poukisa nou prese konsa? Se konsa nou kenbe pawòl nou? Nou dwe kontinye swiv nonm saj sa la, paske li konnen sa l ap fè; li pa sòt ase pou li ale pèdi tèt li. An ale dèyè l’! Petèt isit la se dènye danje ki pi grav nou ap jwenn. Ki moun ki konnen si pa gen pi lwen pase ravin sa a, yon peyi bèl bagay ak anpil pitit pitit ke Bondye te gen sere pou nou. Pèsevere! Pa gen anyen ki reyalize san travay di!

Se konsa, pòt pawòl la te fè yon pa epi li disparèt nan ravin nan. Vanyan gason yo te kouri dèyè l, ak tout lòt moun yo.

Te gen kriye, rele, moun kap tranble rele anmwe nan gwo twou ravin nan. Yon moun te ka fè sèman: pèsonn pa t ’kapab soti vivan; oswa san blese ni soti tout antye. Gid na chay la te gen yon chans: li te pandye sou yon ti pyebwa li pat blese; Tou dousman li te soti nan twou a.

Pandan te gen anpil rele, kriye, anmwe anba nan twou a; pèsonaj la chita san li pa di anyen. Gen kèk moun ki te fashe, yo te blese, yo te an kòlè yo te lage madichon sou gid la: li pa di anyen, li te rete jan li abitye ye, dousman, an silans, tèt bese.

Moun ki te jwenn kenbe ti pye bwa, yo te soti nan twou ravin nan, gen moun se te akoz de ti branch bwa, genyen ki te jwen pyebwa, yo te kòmanse soti. Genyen ki te kase janm, lòt kase bra’, genyen ki te kase kou’ ,e gen ki te gen san nan figi’. Yo tout te soti enfim, pat gen moun ki pat gen yon pwoblèm; sèlman Gid la ki pat blese. Tout moun te fashe, yo t’ap plenn,bougonnen; yo t’ap gade l ‘an kachèt, yo t’ap gade l byen move. li pa t menm leve tèt li. Li te rete an silans lap panse, tankou yon nonm saj!

– Yon ti tan te pase. Foul moun yo tap vin pi piti. Chak jou te gen kèk ki te bay vag e konsa gen anpil ki te retounen lakay yo.

Nan tout foul moun ki tap mache yo, sèlman ven (20) ki te rete. Dezespwa ak dout te sou figi yo tout; grangou fini ak yo, yo pa di anyen. Tout moun te rete an silans, tankou Gid la. Menm pòt pawòl la te ap souke tèt li. Wout la te difisil.

Chak jou ti gwoup la vin pi piti; te rete apeprè dis (10) moun. Figi yo te plise, dezespere; yo plenn, yo baye men yo pa pale.

Yo pat gen figi moun ankò; yo parèt tankou moun ki fini: genyen ki te sou beki, bra yo nan fistibal mouchwa mare nan kou yo, pansman, ak konprès. Si yo ta vle fè plis sakrifis, li pa tap posib: tout kò yo te kouvri ak maleng ak boul.

Menm moun ki gen plis kouraj ak pi detèmine yo te pèdi lafwa ak espwa; menm si sa yo te toujou ap pouse pou pi devan. Enfim, jemi, ak anpil efò chak moun; Yo trennen youn ak lòt. Ki lòt bagay yo te ka fè? Yo pa ka rive jis la pou yo kite sa.

Jou te pase. Genyen ki tap trennen sou beki tèt bese; lè yo leve tèt yo gade; Gid la pa t’ devan yo ankò. Yon lòt etap, epi yo tout te lage tèt yo nan ravin lan.

– Woush, wouch, janm mwen!… wouch, wouch, men mwen!… wouch, wouch!

Se te tankou yon koral kap plenn, pa gen anyen ou te ka tande ke plenn, kriye ak rèl. Yon vwa tou fent te bay Gid la madichon, tout moun te rete an silans.

– Byen bonè, Gid la te chita, menm jan ak jou yo te chwazil pou gide foul la’. Pa gen okenn chanjman nan li.

Pòt pawòl la soti nan ravin lan; de mesye swiv li. Defigire, kouvri ak san, yo gade tout kote pou konte konbyen nan moun yo ki te rete: yo wè se yo sèl ki te la. Perèz ak dezespwa anvayi kè yo. Yo gade tout kote se te jaden, flè, wòch ak montay – pa gen anyen, e pa gen okenn tras okenn chimen. De jou anvan yo te koupe fè yon wout. Gid la ki te mennen yo la.

Yo panse de kanmarad yo, zanmi ak fanmi yo ki te tonbe nan vwayaj la, te gen yon detrès pi mal ke doulè ke yo genyen akoz de pati nan kò yo kap fè yo mal yo ki te monte yo. Yo gade pwòp pwòblèm pa yo.

Pòt pawòl la pwoche bò gid la epi li pale nan ak yon vwa ki tap tranble ak fatig, doulè, dekourajman ak yon move gou:

– Ki kote nou prale?

Gid la te rete an silans.

– Ki kote ou ap mennen nou ak ki kote ou mennen nou? Nou menm ak fanmi nou te fè ou konfyans, nou te swiv ou, kite kay nou yo ak tonm zansèt nou yo, pou nou sove anba dezas sou tè dezole pa nou an, epi ou te mennen nou nan yon dezas ki pi mal. Nou te trennen desan (200) fanmi dèyè nou; kounye a gade konbyen nou ye.

– Saw di m la; Nou tout pa la? – chèf la te di nan dan, san leve tèt li.

– Ki dwa ou poze kesyon sa? Leve tèt ou, gade, konte konbyen nan nou ki toujou nan vwayaj mizerab sa a! Epi gade nan ki eta nou ye. Li tap pi bon si nou te mouri ke nou la nan eta sa.

– Mwen pa ka gade!…

– Poukisa?

– Mwen avèg!

Tout twa (3) mesye yo te rete an silans

– Èske ou te pèdi je ou sou wout la?

– Mwen te fèt avèg.

Twa mesye yo bese tèt yo ak dezespwa.

Yon van otòn gwonde, deklannche, nan mòn lan, chire ak vannen fèy yo; bwouya anvlòpe mòn yo. Solèy la te kache dèyè nwaj yo; nwaj yo tap woule nan syèl la ak kouri ale pi lwen.

Twa mesye yo gade youn lòt ak anpil detrès.

– Ki kote nou prale kounye a? – youn nan yo mande ak yon vwa ki sanble ki soti byen lwen ke kavo yo.

– Nou pa konnen!

 

Nan Bèlgrad, 1901.
Pou “Radoje Domanović” Pwojè sa te tradui pa Kareen Bijoux Augustin, 2020.

Gid la (2/3)

(Paj anvan)

Nan denmen, tout moun ki gen kouraj, te rasanble pou yo te al nan vwayaj la. Plis pase desan (200) fanmi te vini kote yo tap reyini an, gen kèk ki te rete pou voye je sou abitasyon an.

Li te tris pou wè, foul moun sa yo ki te prè pou kite peyi yo, ak tonm kote zansèt yo te antere. Figi yo te rale, fatige, ak plen pli. Tout soufrans travay di yo te make nan figi yo.

Nan moman sa, nou te ka wè nan je yo yon espwa, men tou, melanje ak nostalgi pou peyi a. Granmoun yo tap bay soupi dezolasyon, souke tèt yo ak krentif, gwo dlo nan je; yo ta p panse rete tann yon ti tan ankò, olye ke yo pati vit konsa pou al chèche yon pi bon peyi; se la yo ta renmen mouri nan peyi yo. Anpil nan fanm yo t’ap kriye epi ap di yo ale ak tou moun yo renmen, menm a moun nan tonm yo.

Mesye yo pat vle montre santiman yo; yo mande byen fò: “Èske nou vle kontinye mouri grangou nan kwen madichon sa, viv nan eta sa?” Si li te posib, anpil tap byen kontan pran kwen madichon sa pou ale avèl.

Kòm depi gen yon foul moun yon kote, toujou gen anpil bri. Gason kou fanm te fatige; timoun yo, manman yo te pote yo sou do nan panyen, yo te kòmanse fatige; bèt yo te kòmanse ajite. Pat gen anpil bèt te gen yon manman bèf, yon mal bèf, yon cheval ak yon gwo tèt e gwo pye, sou li yo te mete anpil chay. Podiab cheval la, li tap balanse de bò. Gen moun ki tap mete kèk bagay sou bourik. Gen chyen ke timoun yo tap rale nan kòd. Te gen pale anpil, joure, kriye – tout jan de son. Yon sèl moun ki pa tap pale se te pèsonaj an chaj la. Se tankou youn nan sa kap fèt yo pat regade l. Yon nom saj vre.

Li te chita, tèt li bese, an silans li sèl ak panse l; kèk fwa li krache atè a. Menm lè, li te yon konpòtman dwòl; sa te vin fèl plis popilè. Moun yo te prè pou fè nenpòt sakrifis pou li. Gen kèk konvèzasyon ki te fèt:

– Nou dwe kontan paske nou jwenn yon nonm konsa. Si nou te deplase san li, sak konnen sa ki te ka rive nou. Li pa pale men li entèlijan.

– Kijan pawòl la di ankò? Moun ki pale anpil, pa panse anpil. Yon nonm entèlijan, lap swiv, li pa pale. Youn nan yo di.

– Li pa fasil pou dirije pakèt moun sa yo. Li bezwen panse fò; li gen yon gwo travay nan men’l. Youn nan moun yo di.

– Li te lè pou yo kite. Yo tann yon ti tan ankò, pou wè si pa gen lòt moun ki chanje ide e deside pran wout la, ki vle vini ak yo. Men, pat gen lòt moun ki te chanje ide. Yo pat ka tann ankò.

– Li pa lè pou nou ale? Yo mande gid la, pèsonaj an chaj la.

Li leve kanpe san li pa di yon mo. Mesye ki te pi brav yo imedyatman rasanble bò kote li; yo dwe rete bò kote l toutanka ta gen okenn danje.

Chèf la ak min nan fwon, tèt bese, li te fè yon ti mache. Li balanse baton ki nan men l ‘ la ak diyite. Foul moun ki tap swiv li yo aplodi; yo di – Viv chèf nou an! Viv chèf nou an! Li fè de twa pa, li frape nan yon baryè. Li kanpe, foul la kanpe. Li fè de pa dèyè, epi li frape baton an nan baryè a.

–Foul la mande – Kisa pou nou fè?

Chèf la pa di anyen.

Sa ki te bò kote l yo di. Kisa nou dwe fè; kraze baryè a? Èske nou pa wè sa li vle nou fè? Li montre nou ak baton li a.

Men yon baryè, Men yon baryè – Timoun yo te di pandan yap lonje dwèt yo sou baryè a ki te an fas yo a.

– Fèmen bouch nou timoun.

– Seyè, kisa ki pral fèt! fanm yo tap kriye.

– Fèmen bouch nou, li konn sa pou nou fè; kraze baryè a.

Nan yon moman, baryè a te atè. Tankou, pat janm gen yon baryè la.

Yo te vin pase.

Yo te fenk fè apeprè yon santèn mach anvan gid la te plonje nan yon touf pikan. Li te gen anpil difikilte pou li te soti ladan. Ak baton nan men li an, li te kòmanse frape l nan tout direksyon agoch, adwat. Tout moun te rete ap tann.

– Kisa ankò? Moun ki dèyè yo te mande.

Sa yo ki te bò kote gid la di:

– Koupe pikan yo.

– Men gen yon chimen dèyè pikan yo! La, la, gen yon chimen dèyè pikan yo! Tout timoun yo te tonbe repete, menm jan ak lòt moun dèyè yo.

– Yon chimen! Yon chimen! moun ki kanpe bò kote gid yo te di. Kiyès ki konn kote lap mennen nou! Tout moun pa ka kòmande. Gid la konnen fason ki pi bon ak pi kout la! Ann ale nan pikan yo!

Yo kouri tout atake.

“Wouiiii!” kèk nan yo te rele, lòt yo ki tap plenyen, genyen figi yo tap grate ak pikan.

– Ou pa ka genyen anyen san w pa travay pou anyen; pafwa fò w deranje w yon ti kal pou w ka genyen.

Apre anpil efò, yo te fè yon wout nan pikan, e yo te kontinye wout la.

Yo pa t ‘mache pou anpil tan; yo te vi n jwen kèk poto. Yo lage poto yo atè, pou yo te kontinye wout la.

– Nan premye jou a pat gen anpil bagay ki te fèt paske yo te gen anpil ti obstak. Tout bagay sa yo, epi pat gen anpil manje. Te gen moun ki te pote pen sèk, fwomaj epi gen lòt se sèl pen yo te genyen; genyen ki pat genyen anyen menm. Yon sèl bagay ki te bon, yo te nan sezon ete, kote ke yo te ka jwenn fwi nan wout la.

Menm si pat gen anpil bagay ki te fèt nan premye jou a; yo te fatige. Pat gen gwo danje, ni aksidan.Nòmalman, nan yon foul moun gen kèk ti bagay ki ka rive; pikan nan je yon fanm; li kouvril ak yon twal mouye. Yon timoun te frape pye’ nan yon wòch, kounya pye a pòk. Yon granmoun te manke tonbe sou yon pye bwa; li foule je pye li. Yo te pran zonyon, pile l mete l sou li. Granmoun nan te nan anpil doulè; li tap mache krochi dèyè gid ki an chaj la. (Gen anpil moun ki te panse granmoun nan tap bay manti, li te vle retounen se sak fèl tap di pye’l fèl mal.) Pat gen anpil moun ki pat gen pikan sou yo, grafonyen nan men yo ak figi yo. Tout gason yo te djanm, fanm yo menm se joure yo tap joure. Ti moun yo menm tap kriye; se nòmal, paske yo pat konprann sak tap fèt. Yo pat konprann ni wè sak tap fèt la se te pou yon byen.

Kontantman ak kè kontan te nan kè tout moun. Pat gen anyen ditou ki te rive gid an chay la. Bon, si nou vle verite a, Gid la te byen pwoteje, men tou, nonm lan te gen chans. Premye nwit la tout moun te priye e yo te remèsye Bondye ke vwayaj la te yon reyisi e ke pa gen anyen mal ki te rive Gid yo a. Lè sa, youn nan mesye ki pi brav yo te kòmanse pale. Figi l ‘te grafonyen men li pa t bay sa okenn atansyon.

– Frè m ’yo! Di Bondye mèsi, nou te fè premye etap sa san danje. Wout la difisil, men nou konnen li mennen kote dlo a pi fre. Se pou Bondye ki gen mizèrikòd la pwoteje gid an chay nou an kont tout difikilte, pou li ka gide nou ak siksè!…

– Si sa ap kontinye konsa, mwen pral pèdi dezyèm je mwen!… fanm ki te blese nan je gòch li a bougonnen.

– Mwen gen yon pye fè mal! granmoun lan ki te foule nan chevi li a bougonnen.

Timoun yo te kòmanse ap plenyen, yo t’ap kriye, epi manman yo te gen pwoblèm pou fè yo fèmen bouch yo, pou yo te ka tande pòtpawòl la.

– Wi, ou ka pèdi lòt je ou, – li reponn ak yon kòlè, – epi ou ka pèdi tou de! Li pa pwoblèm pou yon fanm pèdi je l ‘pou yon bon kòz. Ou ta dwe santi w wont pou tèt ou! Èske ou pa janm panse sou byennèt pitit ou yo? Menm si mwatye nan nou peri nan jefò sa a! Ki diferans sa fè? Ki sa yon je ye? Kisa je ou itil ou, lè gen yon moun ki ap mennen nou epi ki ap mennen nou yon kote ke nou pral kontan? Èske nou ta dwe abandone misyon nou an jis poutèt je ou ak pye vye granmoun lan?

– Li ap bay manti! Granmoun nan ap bay manti! Li ap fè sa pou pou li ka tounen, – kèk vwa na foul la di.

– Frè m ‘yo, nenpòt moun ki pa vle ale pi lwen, – di pòtpawòl la sa, – tounen olye pou pote plent ak plenyen, epi detounen rès moun yo. Mwen pral swiv gid ki an chay la jiskaske nou rive kote nou dwe rive a.

– Nou tout ap swiv! Nou tout ap swiv! Depi nou an vi.

Gid la rete an silans.

Tout moun tap gade l epi ap chichote:

– Gid la te pèdi, li rete dousman lap panse.

– Yon nonm saj!

– Gade fwon li!

– Epi toujou gen min nan fwon!

– Li Serye!

– Li brav! Ou ka wè sa nan tout bagay li fè.

– Ou ka di sa ankò! Pikan, kloti, poto – li chavire tout. Li sote yo ak baton l ’lan, li pa janm di anyen, epi ou toujou ap devine kisa li gen nan tèt li; kisa lap panse.

(Lòt paj)

Gid la (1/3)

– Frè m ’yo ak zanmi m yo! Mwen te koute tout diskou nou yo; se konsa mwen mande nou kounya pou nou tande m’. Tout deliberasyon sa yo ak konvèzasyon sa yo pa vo anyen si ke nou rete nan rejyon sa. Nan tè sa ak wòch sa yo. Pa gen anyen ki kapab kiltive, menm nan sezon lapli, mwen pa bezwen di w ka nou nan sezon sechrès. Sa se yon bagay ke nou pa ko janm wè anvan.

Pou konbyen tan nou pral reyini konsa epi pale pou granmesi? Bèf yo ap mouri san manje, e si nou pa pran men nou; nou menm ak pitit nou yo pral mouri grangou tou. Nou bezwen jwenn yon lòt solisyon ki pi bon. Mwen panse ke li ta pi bon pou nou ta kite peyi sa mete nou deyò pou jwenn yon peyi pi bon ak tè ki ka kiltive paske nou annik pa ka viv konsa ankò.

Se konsa, abitan yo te te pale nan kèk reyinyon. Ki kote ak ki lè? Sa pa konsène ni ou ni mwen? Li posib nou kwè sa te rive yon kote lwen nan kèk peyi depi lontan. An nou onèt ak tèt nou; Mwen panse mwen te envante istwa sa a, men ti kras pa ti kras mwen libere tèt mwen soti nan anbarasman sa. Koulye a, mwen kwè ke mwen pral rakonte sa ki reyèlman te pase e te rive. Ke mwen pa t janm kapab kreye istwa sa.

Moun ki tap tande yo, figi yo tris, blanch, gen kèk figi ou pat menm ka di ni wè sa yo tap panse. Yo chak tap imajine sa se kèk maji, yon peyi kote rekonpans travay tè ta dwe yon rekòt ki rich.

– Li gen rezon! Li gen rezon! – Anpil tap di byen ba.

– Èske kote sa a lwen nou? – Kèk tap bougonnen nan yon kwen.

– Frè m ‘yo! – yon lòt te kòmanse pale ak yon vwa yon ti jan pi fò. – Nou dwe swiv konsèy sa yo depi kounya paske nou pa ka kontinye konsa. Nou fè tout sa nou kapab, men tout se pou granmesi. Nou te plante grenn ke nou te ka itilize pou nou manje, men inondasyon te vini epi ale ak grenn yo kote ke se wòch sèlman ki rete. Eske nou ta dwe rete isit la pou tout tan ap travay maten rive lannwit, rete grangou ak swaf dlo, toutouni ak pye atè? Fòk nou mete deyò epi chache pou tè ki ka kiltive kote travay di ap ka ban nou rekòt an gwo.

– Ann ale! Ann ale kounya isit la pa kote pou moun ap viv ankò!

Te gen anpil chichotman, kèk te kòmanse mache ale; yo tap panse ki kote yo te prale.

– Tann frè m yo! Ki kote nou prale? – Youn te di. – Wi, nou dwe ale, men se pa konsa. Nou dwe konnen ki kote nou prale. Sinon, nou ka jwenn nou nan yon sitiyasyon ki vin pi mal olye pou sove tèt nou. Mwen sijere ke nou chwazi yon moun pou mete an chèf, yon moun an chaj ke moun yo ap obeyi e ki ki ka montre nou yon fason ki pi bon e ki chimen pou nou pran.

– Ann chwazi! Ann chwazi yon moun kounya – Tout moun tap mande pou yo chwazi yon moun pou gide yo. Se konsa diskisyon an te leve an dezòd. Tout moun tap pale e pa gen moun ki te swadizan tande lòt. Yo te kòmanse divize an gwoup, chak moun ap bougonnen, epi menm gwoup yo te kòmanse kraze. Yo te kòmanse pale, mande youn lòt pou fè silans. Yo tout te reyini anko e kòmanse pale.

– Frè m ’yo! – Yon vwa ki pi fò ke tout lòt vwa yo te kòmanse pale. – Nou pap ka rive jwenn solisyon konsa.Tout moun ap pale e pèsonn pap tande. An nou chwazi yon moun pou mete an chaj! Kiyès nan nou la ke nou ka chwazi? Kiyès nan nou la ki abitye vwayaje, ki konn wout?

Nou tout konnen youn ak lòt byen, Menm mwen mwen pa tap mete’m ak pitit mwen yo anba lòd yon moun isit la. Di m ’ki moun ki konnen kiyès vwayajè sa ye ki chita nan lonbraj la nan kwen wout la depim maten?

Tout moun te rete san yo pa di anyen. Tout vire gade etranje a; yo gade’l soti nan tèt jis nan pye.

Vwayajè etranje a te yon pèsonaj, ak yon figi sonm ou pat menm ka wè a koz de bab li ak cheve long li yo, li te chita, li rete an silans, li pèdi nan panse li. Detanzantan, li frape yon baton ki te nan men li an atè a.

– Mwen te wè li ’yè, nèg sa a. Li tap mache nan lari a ak yon jèn ti gason li te kenbe men l. Yè aswè jenn ti gason an te kite bouk la, epi granmoun nan te rete.

– Frè m yo, an nou pa fokis sou ti detay ki pa enpòtan, istwa san sans; nou pa gen okenn tan pou nou gaspiye. Pa gen pwoblèm ki moun li ye, sa pou nou wè li se yon vwayajè ki soti byen iwen. Ou ka wè li se yon nonm entèlijan; li chita la dousman, lap swiv. Li pa kouri antre nan sa nap diskite a.

– Li rete dousman, paske li tap panse; li entèlijan anpil.

Yo tout te kòmanse ap swiv etranje a. Daprè yo chak; aparans li te bay yon aparans apa, kèk siy klè ke li gen yon entèlijans sou li.

Yo pat pase anpil tan ankò ap pale, finalman yo deside li tap bon pou mande etranje a ki se yon pèsonaj pou gide yo. Li ta sanble yon moun Bondye voye. Li ta dwe moun ki an chay la pou mennen yo kote ki gen tè ki bay rekòt.

Yo te chwazi dis gason pou ale pote mesaj la al di etranje a desizyon yo; pou enfòme li sou sò mizerab yo epi pou yo sipliye l pou aksepte vini chèf gid ki ap mennen yo.

Dis gason sa yo te ale kote pèsonaj etranje la yo te bese tèt devan li; Youn nan yo te kòmanse pale eksplike kijan latè a pa kiltive nan zòn nan, sechrès ak destriksyon. Li di:

– kondisyon sa yo pouse nou kite isit la pou nou mete deyò al chache yon peyi ki pi bon. Nou gen anvi kite peyi sa. Bondye pran pitye pou nou epi li voye ou sou chimen nou. Ou se yon nonm vanyan, ou kapab gide nou epi delivre nou anba mizè.

Nan non tout moun ki rete yo, nou mande pou ou gide nou; nap swiv ou tout kote ou prale. Ou menm ki konnen chimen yo, Nap koute ou, nou pral soumèt ak lòd ou yo. Èske w konsanti pou sove nou nan dezas nou? Èske w wap pran chaj, pou mennen nou?

Pandan tout diskou sa yo; pèsonaj la pa t janm leve tèt li gade mesye yo. Li te rete jan yo te jwenn li an: tèt bese, pli nan fwon li. Li pa di anyen. Detanzantan li frape baton nan men li an atè dousman. Lè diskou a te fini, san li pa chanje pozisyon li te ye a, apre yon ti tan li reponn byen ba.

– Wi, map fè sa.

– Èske nou ka ale avè w al chache yon kote ki pi bon?

– Wi! – Li repon, san li pa leve tèt li.

Tout moun te kontan, yo tap fete, men pèsonaj etranje a pa te di anyen.

Dis nèg yo al pote nouvèl la ale, e di kijan pèsonaj la se yon bon moun.

– Li pa t ’deplase ni leve tèt li, pou menm gade kiyès ki tap pale avèl. Li rete tou dousman lap panse.

– Yon vrè nonm saj!… Yon entèlijans ki ra!… yo tout di byen fò. Nan tout kote yo tap rele byen fò reklame ke Bondye li menm te voye nèg sa’ tankou yon zanj soti nan syèl la pou pou yo. Tout moun te rete kwè ap gen siksè ak yon nonm konsa pou gide yo. Yo te pran desizyon pou mete deyò nan demen, kou solèy leve.

(Lòt paj)